lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu opsyon – malada

Loading...

opsyon lyrics
sekrè bèlte
vokab daki nan pwent djòl granmoun
reflè laj erè optik wè 2 pye w  nan tou tchouboum
lafyèv regrè n on gwo bonm bwè te ti bonm
repons lavi se medsin pou tèt k anfle pase bonm
tout sak plante gen vokasyon pouse
simen knowledge nan panse w jenn grenn refleksyon pouse
kreve pwa nou apre tann lapire
bay enfliyansè bann chwa nou apre pou l anpire
vin fad gou li brak ba bòt la sou kou n n ap
toufe n vle bat ba kò n koukouman na p
wouke n pap kaba fò n konn kouman n ap
leve pou n tay*ba fon n pouse kòn n ap
èzlirikalman siprèm richès mwen
kontabilize an rim pran chak beat kòm kès mwen
rap sann se baz la wi d blok
hip*hop ap koule nan san m bay sewòm nan chak blòk

m atake bit
lejitim defans yeah
sa fè l pi entans yeah
paske m vin f*ck tout enstans
konsène yo m sène yo ak on 6e sans
m bak nan nayntiz
m vin baw tiz
e paske m gen ponch
m pati g on bri bal
si w tande m ou pa sib
w ap tonbe si w p ap swiv
men bon mc
ou p ap switch oooh
sa rive dwat nan kè w
si w wè w vin dosil
real hip hop rann sa posib
e m pa ekri ba toksik
nan on distans
nou ba w lisans
pou w li sans nou
on vayb imans
on bèl pisans
ba l plis sans tou
ou pa ta di m s on sous
yo m konsistan tou
m ap fè plis tan
m p ap janm sispann
vin siprann nou
lè m pa la m kit on vid
kou lide m di m kwit on bit
rap la poukò l s on wayom
m p ap janm dakò l vin bidonvil
li grandi nan vim
anplis li fè m jwi anpil
depi m fin di mizik
m wè diskòb
yeah m f on pi bon dil
nan yon verse plizyè mo kwaze
yo deside kreye sans
yo di sa k pa imaj pa baze
apre yo fè konesans
pwomès prezante tèt li
mande demen peye dèt li
lè emosyon pran pawòl
tan reyalize se li k mèt li
anpil kakofoni
lè bon sans pran pale
anpil ajitasyon
menm konsyans pran pa li
men tout mo te pran souri
lè pwezi ouvè bouch li
se te bèl amoni lè mizik tanmen mete touch li
santiman vin alèz pou l eksprime l
li menm rakonte valè fwa rezon bimen l
sa k fè lojik vin gen sousi pou l eksplike
malgre jefò l lanmou ap toujou ret konplike
verite te la men manti te vle pale nan non l
veritab dout met pye jouktan listwa grate nannan l
anbyans lan te majik men apre sa dewoute
koz lè silans t ap pale pèsonn pa t sou koute

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...