lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu trezan – moed

Loading...

tèlman gen bag*y m anvi di ou
men tan pa sifi
o non l pa sifi!

m vrèman pa te gen pou mw chwazi
men direksyon ki te pran se pat ou
non se pat ou!

plezi lachè kouri pase devan santiman mw
enfliyans dewoute m
matirite pat avèk mw
tèlman m blese
sa vin fè m delese
men prezans ou vin relimen gwo flanm lan

kòmsi m te gen trèzan
palpitasyon anvayi m
a chak enstan
m panse avèk ou
mw tankou vèmisèl nan soup
kòmsi m te gen trèzan
m santi yon twou nan kè mw
yon vid nan vi mw
ki bezwen konble

w di m kanp an 2 kabès nan men an
malgre l sanble sa
d*mn! m pat wè sa konsa
moun pa janm fin aprann
e sèl sa m espere yon jou wa konprann
ke omwen yon fwa kè m bat pou ou
menm si se te aprè

plezi lachè gentan pase devan santiman mw
enfliyans dewoute m
matirite pat avèk mw
tèlman m blese
sa vin fè m delese
men prezans ou vin relimen gwo flanm lan

kòmsi m te gen trèzan
palpitasyon anvayi m
a chak enstan
m panse avèk ou
mw tankou vèmisèl nan soup
kòmsi m te gen trèzan
m santi yon twou nan kè mw
yon vid nan vi mw
ki bezwen konble

m paka ekri
ni m paka rele
m pa gen mesaje
e pa gen pòt k ouvri
m paka bay flè
spend quality time
fè de ou
my partner in crime
m konnen m responsab
se te ka nou 2 jodi a
men mw paka repare anyen non
lanmou tounen fè m santi

kòmsi m te gen trèzan
palpitasyon anvayi m
a chak enstan
m panse avèk ou
mw tankou vèmisèl nan soup
kòmsi m te gen trèzan
m santi yon twou nan kè mw
yon vid nan vi mw
ki bezwen konble

kòmsi m te gen trèzan
palpitasyon anvayi m
a chak enstan
m panse avèk ou
mw tankou vèmisèl nan soup
(m pa gen kote pou m mete kò m)
kòmsi m te gen trèzan
m santi yon twou nan kè mw
yon vid nan vi mw
ki bezwen konble

mw tèlman gen bag*y m anvi di ou

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...