lirik lagu je’l nan je’m – p-jay
[produced by power surge and phat-g]
[intro]
nah nah nah
oooouuu
[hook: sandro]
li konnen m’ap fè l soufri
a chak fwa mwen ba l manti
a wi sa s’on gwo soufrans
poutan l ret an silans
li konnen m’ap fè l soufri
a chak fwa, mwen ba l manti
a wi sa s’on gwo soufrans
poutan l ret an silans
je l nan je mwen
je l nan je mwen
je l nan je mwen
je l nan je m ohhh
[verse 1: p-jay]
kou m ouvri bouch mwen, mwen wè je l nan je m
san di yon mo, mwen di w wi je l nan je m
pafwa kè mwen sote santi wi l vle manje m
poze tèt mwen kesyon e si l ta vle vanje m
non se pa fòt li, men poutan se fòt pa mwen
mwen konnen gen konsekans mwen la m’ap tann rekòlt pa m
lè n’ap fè lòv, li pa pè ofri tout kò li
menm si lè m fini m’ap vire kite l poukò li
li sou men l se sa k fè je l nan je m
li refize kite m, non li just vle chanje m
sincèrement wi, m’ap mennen yon lòt vi
chak fwa m’vire kite l, li konnen m’al jwenn yon lòt fi
[verse 2: p-jay]
men poutan plen lòt gason k’anvi li
en même temps, se pa de fi k’anvi li
sak pran tan liv roman sa y’anvi li
men l prefere soufri olye pou m pa nan vi li
yeah, wi m’admèt ke sa pa bon
vakabon, petèt relasyon sa a ta ka bon
li pa neglije pou banm ti afeksyon mwen
li obeyi anba presyon mwen
banm poze n pi gwo kesyon mwen
pou ki sa k renmen n se li ke nou maltrete
si w jwenn lanmou lakay pouki w vle al prete
se sa k fè maladi lanmou toujou mal trete
[hook: sandro]
li konnen m’ap fè l soufri
a chak fwa mwen ba l manti
a wi sa s’on gwo soufrans
poutan l ret an silans
li konnen m’ap fè l soufri
a chak fwa, mwen ba l manti
a wi sa s’on gwo soufrans
poutan l ret an silans
je l nan je mwen
je l nan je mwen
je l nan je mwen
je l nan je m ohhh
[bridge: both]
je l nan je mwen, je l nan je m man
je l nan je m ohhhh
konnen m’ap fè l soufri
men poutan l ret an silans
li ret an silans man
ah wi…
[hook: sandro]
li konnen m’ap fè l soufri
a chak fwa mwen ba l manti
a wi sa s’on gwo soufrans
poutan l ret an silans
li konnen m’ap fè l soufri
a chak fwa, mwen ba l manti
a wi sa s’on gwo soufrans
poutan l ret an silans
je l nan je mwen
je l nan je mwen
je l nan je mwen
je l nan je m ohhh
lirik lagu lainnya :
- kumpulan lirik lagu hidan › lirik lagu scarecrow – hidan
- kumpulan lirik lagu sevn alias › lirik lagu showerman – sevn alias
- kumpulan lirik lagu nathan harrington › lirik lagu storm before the calm – nathan harrington
- kumpulan lirik lagu июлав1yluv › lirik lagu дым сигарет (the smoke cigarettes) – июлав(1yluv)
- kumpulan lirik lagu теппо teppo › lirik lagu голоса (vote) – теппо (teppo)
- kumpulan lirik lagu catchup › lirik lagu słodycze – catchup
- kumpulan lirik lagu ian michael › lirik lagu everybody needs somebody – ian michael
- kumpulan lirik lagu yavceeshejiv › lirik lagu aqua tophana – yavceeshejiv
- kumpulan lirik lagu piller mane › lirik lagu i’ll eat yo guts – piller mane
- kumpulan lirik lagu suitter › lirik lagu ufo – suitter