lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu ensasyabilite – pic (from haiti)

Loading...

lèzòm pa janm satisfè
m’jwenn youn fow banm 2, m jwenn 2 m mande 3

(its the p to the i to the c n-gg-)

kou’m jwenn 3 m ka mande 4

(yo hype)

m’pap janm jwenn ase

(verse 1)
ou fè figiw fennen lew wè genyenk bwe dlo ke ou pat vle
benyen
ou plenyen lew wè genyen ki dread chevew pat vle penyen
ou jalou paske yon lot damou fanm ou pat vle renmen
ou gen kè nan men pou ponyet yo koupe sanw pat menm bal
lanmen
egalize pap plenyen si match fini sanl pa mennen
sil féw mal pa diw pa santil pou yo pa tou diw pa gen nen
pap ede mwen e de mwen yap di tout bag-y
m pa fè babay bay yon mancho poum pa nan cho sim oze dil
ann wè 2men
si nan menm li jwenn lebra, poum al devanl ka banm kout pye
koum ap mande poum kwadripèd pap epolem lèm gonw bout pye
lèm bon bouke, ok’m poze menm pa pwofite fè pares
dèfwaw gonw bel manje sanw pat konn sil t fèt a res
an fèt kares fow sede, atachman fòw obsede
lèw posede yo baw respè san konn kijanw te posede
se sou cd generasyon’m nan moutrel gen tèt ni sèvo
men domaj yon fils inik pa janm konn sa ni frè ni sè vo

lòm sonw èt ki ensasyab e menm sa’n mande pa ase
ekri lyrics anbarase pou tèt mwen debarase
m fek sou 16 ba ou gentan fem konnen 32 pa ase
ou pral mandem fè video lew twouve tande’m pa ase

e se kounyaw sou fe prese, kisaw tap fe depitan
gentan anvi profesionel eskew kite stad debitan
toujou vle sou teren eskew kwew ka jwe de mitan
li evidan pou moun kotew men eskew santiw pa rebitan

epoutan sepa toutan lew jwenn tou pouw mande pwèl
bondye fè jew poko femen olyew priyew mande pou wel
ou toujou bay bon konsey men’w souvan swiv fo lide
ou santiw jwenn yon bon grenn n-gg- poukiw gen foli 2

fow bite sou ensasyabilite, gen pwobabilite pou li te sa’k
motivew
pouw lite e milite pou imilite men limite cupidite’k se
stupid stupidite nan imite sa atis fè
mesaj pozitif yo la koman fe nou pa satisfè
rasis fè neg chanje koule po
imilye’n pou koule po
siw black konnenw lucky, men nou toujou antò(an thor)
sitou lè polis fe arimay
e lel pa jwenn poul li pran pay
e peze kou’l, e kou’l bezwen cool avek poul poul g-ye pay

fow bale pay e le pay woule deye dow pa mande 2
kontantew ak saw genyen e lew jwenn youn pa mande 2
wap chachon’w bon mc fred hyppe baw p.i.c pa mande 2
pagen foli sereyal lew jwenn akaszn kay mant dede

wka pran gede siw pa mete prensip memsiw pa swiv gwo lwa
pagen ide fiks nan chapit romen’w pa jwenn gaulois
tout règ gen esepsyon gen desepsyon lew pa nan lo wa
e sesak fe’n pap janm fonw pa tankou stati madan kola a

pwovèb la di sak nan vant kabrit se lik pal la
saw bezwen an se lik pa la
sak pou fonse se lik pal la
m pap ajenou devanl si li pa halla
nan kontra a l’ranpli pati pal la
gen’k rive rapid pic fè li an ti pa ti pa’l la

m pase eprèv pa mandem prèv
m gen vizyon’m pa mande rèv
le lanmou ap veyikile nan peyi m’pa mande grèv
aprann apresye mesye chaje atis ki chaje èv
se prèv premye peche’n se ensasyabilite ou met al mande èv

(ou met al mande èv, premye peche’n se ensasyabilite…
ou mèt al mande èv)

its the p to the i to the c n-gg-!!!

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...