lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu lè m’ap ekri – pic (from haiti)

Loading...

(it’s the p to the i to the c n-gg-h)…

lè’m ap ekri, mpa sèlman fè lank plim sal ka ye
m pran tout sanm ni sak koule nan venn ni sa’k kaye
m konn konn konnen mpral ekri sanm mpoko menm konn sa’l k ye
li k rap, pwezi, powèm men si’l son lèt fòl pa kaye

poul pa g-ye, m’pleye baye nan ranje mo’k te deg-ye
sa’m te graye atire atansyon kou fanm ki debraye

m’ekri anpil, paske’m pa pal’anpil
e sim vin diw m’pap pa nan pil
m’ekri’l nan balèn, li pase kouran, ou wèl pap k nan pil

lè map ekri c poum mande sa kap fèt
poum pale’l de sak pral fèt, sa’m reve’k fèt
sak plede fèt, defèt sak t fèt
e pale de vèy e de fèt

de frèt kach avek cash ki gen ant siksè e defèt
an fèt, m’ekri san rezon
ak tò ni rezon
sou rezon ki fè liyezon

ant chak mo ki nan chak ri’m
chak nesans oubyen chak krim
de dlo nan je’m oubyen chak ri’m
donk c chak lèm anvi pale de dunk oneil shaq ri’m

m’ekri’m, paskem pale de vi’m e de mizè’m
nan ekri m’satisfè tizè’m
apre 6è flow m’te diw pa pal’anpil- m’trase lizyèm
m’ekri poum swanye kriz kèm

m’asure’w nu pap ekri menm jan memsiw ta wè plizyèm

depi nan 6è st louis d’gonzague
sou wout la m’fon zigzag
m’ekri’l dous, m’ekri’l anmè
gen’k banm respè, gen’k banm plis vag

m’ekri lèm pap fè anyen, m’ekri lèm sou ekri
m’ekri lèm sou 3 pye, m’ekri tou lèm sou beki
chak grenn mo c gramfat so m’ekri lèm sou megri

m’ekri sou patnè, sou egri
m’ekri lem sou ekri
euh banm wè, m’ekri sou lèm sou ekri
m’ekri lem f-cked up, lèm lucide e menm lèm sou m’ekri

m’ekri pou’m bay lide mwen
nan lis lan pou’m valide mwen
kite mwen ekri pou’m k pale nou de nou, de li, de mwen

m’ekri pou rans
pou’n k fè konesans san’n pa fè bri
e nan yon sans, m’ka di’m vin vann konesans san’m pa fè pri
san’m pa febli

m’vin ekri, pou ou, pou yo, pou li
m’ekri muzik pouw chante, m’ekri tèks ak liv pouw li
m’ekri sou baz mwen ak sou zansèt yo poum pale de brav
m’ekri sou politik peyim nan lèm sou fè epav

se grav, m ekri an esklav, an òm lib e an afranchi
m’ekri poum diw gen limit nan vi sa pouw pa franchi
m’ekri an dèy men wap anvim lè c lajan’w bezwen blanchi
m’ekri yon alb-m anba dlo san’m pa respire par branchi

m’ekri lèm grangou, lè vant mwen plen ni lèm balonnen
m’ekri pou sak renmen wont, ni pou sak sanwont pou’m ba’l on
nen

m’ekri pou manman’m lè lanmou ak fyète makonnen
pa sou luxe, ni sou papa paske’m pa ekri sa’m pa konnen

m’ ekri rapid, m’ekri vers lent
m’ekri punchline, m’ekri verlan
depuis vers l’an 2000 map ekri revers nan
sak pral pase nan univers lan

rouge, jaune, vert lan
c doktrin mwen c sak fè’m ekri reggae
m’ekri dwat, m’ekri kwochi, dè-dè-dè fwa m’ekri bege

u k di woaw, ou k di wouch
bèl pawòl, ekriti pat mouch
w’anvi fè la p’t-te cuillère, pandan mwen map ekri ak louch
m’ekri fawouch, m fè sispèk menm sa’k pat louch

2,3,4 touch m’ekri pou’m fè bri, pou’m pèse, m’ekri katouch…(plaaa!)

ekriti’n pa dekri aksyon’n
ekri nenpòt sa’n jwenn, lèn pa jwenn chabon n’ekri ak sann
e nou pran san’n son
san’n pa gen ide swisid, blese dwèt, n’ekri ak san’n

gen anpil neg ki ekri fo e sou tèt “o” a nou met aksan’n

m’pa vi’n ekri sou mal, m’ekri pou nou pou nou byen, oubyen
siw t fache avèm m’ekri pou nou, pou nou byen
mo yo konn mal ekri, men lèm ekri poum pale de nou m’dekri nou byen
ke’m ekri gwo, ke’m ekri fen

de komansman jiskalafen
m’konnen m’pap sispann ekri, ke’m nan riches kou nan lafen
enfen, m’espere ke’m pap ekri anven
nan ekri san fren
yo di’m fon outro 8bars m ekri 20

[outro]

its the p to the i to the c…yon mc…yon ekriven
ekri an gwo e an detay…pou konn gen bon twal fòk gen bon retay…
yeah! wisan on the beat…yo hype!…word is born pic!
ekri nenpòt sa’n jwenn, lè’n pa jwenn chabon n’ekri sann

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...