lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu konviksyon – règleman afè popilè

Loading...

[mawon ann di]
m pèdi pye m non kòz m te panse m ap bay jarèt
tèt m ap nwaye nan rèv li pandan rès kòm ap payèt
lè ri m fin galonen nan vizaj m met mouchwa
se galon nen k pran kou
rim kap koule jis pran yo kòm mouchwa
revele m fèb nan kantite ak kalite
vire tounen menm lè isi wout kantite a k kalifye
dlo je m tou ble poukò m pap ka wè fòs ladann
pa mande m al poukò m foumi yo di zanmi w mèt trust ladann
n ekri memwa n souvnans nou sou gachèt yon kalash
sèkèy se bwat sekrè n kache soufrans nou chak lè ka grav
s on twal m ap penn chak fwa m wè tan yo sonm
penso m pentire wòch k ap fè lanmou ak vit nan janm lari
chak fwa m wè tan yo sonm etwal etenn
penso m pentire tòch k ap fè nanm nou reviv ann pran lari
ann pran lari s on sèman m viv li sensèman
revolisyon s on konsè vin pran plas pa w sou sèn nan

[mozo]
gen konsyans, gen fristrasyon, gen konviksyon
nou pran responsablite
pou n defann lide n san kondisyon
wi, nou prè pou n fè sakrifis
goumen pou sa ki jis
malgre tout kalte lide nan kalbas tèt nou plis ke nui nou
lakoz gen moun ki pa konprann pouki chak jou n riske vi nou
wi n bay vi nou
kont yon sistèm ki merite chavire
nou konn feblès nou, n konn fòs nou
e n konn tout sa k ka rive
zafè sa ki reziyen yo
ki kwè anyen pap jan m chanje
lit se zafè sa k pa gen anyen
ki pa menm ka jwenn manje
se nan dlo je malere
nou jwenn kouray pou nou batay
pou dlo je sa sispann koule
nou pa konnen kisa n ta bay
li klè, nou wè
nou pa gen anyen pou nou pèdi
pou kaba dominasyon
pa gen aksyon ki entèdi
nou bouke pwoteje byen
ki pap itil nou anyen
si nou vle leta brannen
se pwen sansib li pou n manyen
se lavi sa kont sa nou vle pou pitit nou yo
pèp pa konn pèdi batay
se krab yo k pou rantre nan twou yo
[mawon ardy]
pouki sa k ap voye kout pyòch
pa janm gen kòb nan pòch?
men pouki kout kalabòch
bay grandon kòb nan pòch?

kote m leve s on sèl refren n konnen
karayib pa grate mwen
grat! grat! grate wòch
ilizyon pou nou touye vè
plonje dèyè rèv mwen
tankou m t on kalabòch
defann menm sa m pa t menm konprann
sansibilite mennen m
m p ap kase tèt mwen
si chak fwa m lonje bra m
yo tape m sou do menm

m ap kontinye soufle
jiskaske dife m pran
lafimen prèt pou pete je m
m kenbe liy mwen
brikè m nan menm
m limen pozisizyon m
se prensip ak etik
zafè w si w panse w ka beni m
m fwete tout anvi m
kwoke konviksyon nan fetay mwen
m kontwole aksyon defini pwòp fay mwen
dèfwa m pèdi kouraj
menm kenbe raj mwen
m ap vanse tèt frèt
m sou wout la, m pa pran derapin
ou ka konte sou mwen, m p ap pran derapin
yòòòr!
[vanessa jeudi]
scat
yalalala
zabap pap pipe
zoupoudoup toup
zoupoudoup tou wa

pouse
pouse n ape pouse
pouse
pouse ann nou pouse
demen kou jou leve
byennèt n ap akouche
demen kou jou leve
limyè n ap rekòlte

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...