lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu masuife – règleman afè popilè

Loading...

[vanessa jeudi]
papa loko
ou se van eeee
pouse m ale
pouse m ale byen lwen

[mawon ann di]
eskont ponya kredi labank sòl sabotay plàn ou bòlèt
fèm ou lweyay sante transpò pran swen kò kay souvni bwè lèt
move lavi tristès ak dèt travay di son goud lè malè
paspò viza tikè malèt babay vi sa yon lè na wè
dlo nan je l neye je l deranje li deside l egzile
devan dje li
jire jere vil depi jodi li nan danje l afwonte wi l fwonte li
feyte liv se kite tan pèdi li fè devwa vi l
fwote lide kite tante chili l tande vwa di l
manèt kwè l te sè l nan bafon an l
lè l pat g on grenn sèl nan pilon an
santi l atenn syèl nan avyon an
kè l jwenn etensèl yon ti moman
santi manm li ap afebli an menm tan li ape souri
santi l djanm li pa vle mouri kite souvni viv nan soufri
chèf seksyon nan non leta chak sezon pran rekòlt la
kay patwon siryen boujwa chante l s on rèl libera
lavi manèt fele men sa koz limyè rantre
avyon li an ateri yon lòt vi li pral derape
[vanessa jeudi]
vant ap kòde
mizè nwaye bonè l
siklòn ponya bwote souri l byen lwen
minui midi
fènwa kouvri jounen l
li pa wè wout chimen l
non l pa ekri nan liv lavi
soupi l se sèl grenn melodi l
li tande vwa lespwa k ape rele li
men malsite pa gen tande

[mozo]
pòtay leyogann tout moun prese
yon nouvo mond
yon lòt sansasyon, yon nouvo mood
li rive rad sou kò
yon sachè nwa pou kache peche l
li bezwen lavi
pòtoprens se la l vin chèche l
kit on timoun 10 zan dèyè
men se kòmsi l te fèk gwòs li
se li k mete l nan lari, li k feblès li, li k angwas li
dizan anvan, a disetan l te kwaze lanmou, li te bay tout sa l genyen
men lanmou potko pare, nan kraze rak, li brize kè l
kounya souvnie se tout sa l genyen
li santi l ap konstui pwòp kav li
lè taksi a depoze l bò simityè
poutan se la l pral fwote lavi
dezòmè lesivyèz se metye l
li fè ladesant kay yon kouzin
depi lè a li k bale,li k lave, li k fè manje
tout kòb kouzin pase nan fashion, souvan se li k fè mache
ekonomi bout chandèl, okipe timoun se pa ti chay
e chak sa l voye pou souvnie, plen lòt ti fanmi k ap tann kichòy
jou ap pase l ap dekouvri yon vil
menm jan ak lanmou k ap fè pwomès li pa kenbe
li pa zanmi madan kolo, li wè se fwontyè pou l janbe
[vanessa jeudi]
lavi nan bouk
grandon vòlè tè li
chèf seksyon tounen sansi
pou bwè san li
douvanjou pran l l ape fouye
sekle pou demen
li pa janm rekòlte solèy
li mande van bwote l ale
ale kot sous lavi koule
lave malè l pou l sa fleri
li vle souri
leta kadav ape toufe l
s on masuife li vle chape

[mawon ardy]
pouse pran tèt mòn, lavil pa fasil
libète ou lanmò, fò yo viv
refize pwojè kafe, kakawo
pou demen ekri sou fèy viv
monte bon chwal, lavi bosal
sou demi kawo l fè premye ti rèl li
men anba gagann deyò kenbe l
lòt bò pòtay tande rèl li
l pa gen tan pou l timoun
responsabilite l se byen bonè
byen bonè li gen tan pran kout ren
yon gwo abitan
pitit se richès malere, l se poto mitan
demen asire
libète byennèt pa gen lizyè
rèv pa pouse sou 2 mwatye
sekle, fouye, plante
pa gen jou ki pou li
li travay, rekòlte zanpoud
lavil mèt tè ap dodine
kalewès, pil richès
yon goud li pa janm depanse
pye l tòtche nan kòd leta grandon
souri l pann nan ravin kapital
apante lavi ak yon bout sèpèt
lè mache pèdi lizyè l
oblije al vann li bezwen sèl
fò l sale kouraj ak kè kontan
latè pa bay menm randman
lapli pa tonbe, solèy boule jaden l
sa l te rete, tanpèt pote l ale
7 koulè mouchwa ki mare ren l
pataje soufrans li yo
kanpe ap gade avni l, k ap defile
li pa gen 2 chwa, li pa gen lòt opsyon
katrè nan maten, li pran yon kamyon
pike pou pòtoprens
[vanessa jeudi]
papa papa loko
ou se van eee
pouse m ale
mennen m kote lavi kache
papa papa loko
ou se van eee
w a pouse m ale
kote lavi kache

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...