lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu patchakouti – règleman afè popilè

Loading...

scat

kristòf se te yon kolon

yon jou tankou jodi a li debake
li vin a tout yon kolonn
koumansman yon doulè
yon pòt sou lanfè ki detake
yo vin ak kwa yo vin ak epe
sou yon tè moun t ap viv anpè
nan mwens pase trantan
prèske 300 000 nanm peri
pou kapris yon grenn peyi
si w ayisyen fò w konprann sa k pase nan ispanyola
twòp zak yo vle kache men lis pa n yo la
nou bat anpil wout nou pa chwazi
limanite trayi nou
pale m de nèg nwèg kaptif, m a pale w de taino
se pa istwa yon krim
listwa se yon krim
rakonte se pran pozisyon
kolonizasyon se yon krim
ego conquiro
500 lane apre
kiyès ki ewo n
si nou ki konn wòl
legliz jwe nan sa
di m jodi a kisa ki erè n

ouuuuuuh
senfoni
ti zwezo
lannuit dous
fè lago
flanm ki limen sou figi nou
etenn kou vyòl deperi nou
ouuuuuuhhhh

patchakouti, se kawo, se dezòd
sa k anba vin anwo, sa k anwo vin anba
viracocha vin met lòd
y ap gade, men pa konn kisa
santa maria conquista
stabilite ekolojik
se pa menm lojik
lewòp kase ekilib sa
kreye dezekilib ant moun ak parazit
lanati toumante, ekoloji mine
nan san ak souf ekipaj la chaje parazit, bakteri, chaje viris
roujòl, varyòl, chaje tifis
nan mache chache lò anpil kò kontamine
anpil rèv tou konfine
sistèm defans yo pa t pare
pa milye, amerendyen tonbe
huey cocoliztli! totomonaliztli! zahuatl
nouvo mo ki antre man lang nahuatl
nan ispanyola
tout lyen ak fanmi yo kase
kominote yo brize brize

ouuuuuuuuh
senfoni
ti zwezo
lannuit dous
fè lago
flanm ki limen sou figi nou
etenn kou vyòl deperi nou
ouuuuuuuhhhh

larèn izabela katolika
rele ayiti kiskeya ispanyola
taïno vin endyen zemès yo vin payen
solèy yo pran senyen blan je vèt yo se kretyen
konkistadò renmen lò otoktòn yo vle byen viv
kristòf kolon bezwen trezò sèl ja k pou fè li byen viv
espayòl italyen yon rèn ak yon maren
bezwen jaden pou fè sa byen oblije kase ren
yon pèp pezib tout zak posib oblije l bat seren
y enpoze l yon enpo k rele encomienda
metal koton betay tout bon pot vini chak 3 mwa
te konn travay epanye pou lè sechrès met pye
sere lakay gwo panye manmèl richès tete
lewòp modèn pote lanfè sou do 3 karavèl
yo pot traka ak dèy las casas chante vèy
onondipè sou bib ak zam epi lavi fè vwèl

iye iye iye iye iye iye
iye iye iye iye iye iye
lavi t ap fè laplanch sou zile a
lakwa fwete n
sasinen tout lakou a eeee

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...