lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu pou demen – règleman afè popilè

Loading...

[vanessa jeudi]
lanjelis gen sekrè l
mèt minui pa gen zanmi
nuit nou yo marye ak van
tete manman sevre zanj li
douvanjou gen sekrè l
lawouze se sèl zanmi n
demen n a louvri je n anfas solèy

[mawon ann di]
enspirasyon sensè powèm frajil gospel doulè
akò nan malè bonè lavi se jwenn koulè
kè kontan m s on kagoul yon lach k ekriti demaske
pitit solèy labou bay tach k ap tann lapli pou repare l

ri melodi tris refren dousè vwa lesivyè
rime lavi m plis temwen pousyè m fè lesiv lè
eko kè m krispe kòlè m anpyete sou tandrès mwen
defo k fè m puiske ògèy mwen sere flè feblès mwen

se di pou m esplike m leve epe m kòm siy lapè
m livre gè m mizik ki jwe se senfoni yon briz lejè
danse sou fo nòt nan kontre tan kouplè m andomaje
san alterasyon konfwonte pè m mwen pran l an do majè

ritmik vyolan menm lib tankou m te louis armstrong
kritik do m pran menm viv pran kou fè m vin pi strong
se vre plen jij chak jou k ap tante fè m moral men
anvan m chante m chèche konn vwa k ap fè bas nan koral mwen [gang]
nou kaskad e tate takle n pran on sèl so
nou ka scat e rape tande n concerto
leta bay ti grapday avegle bon sans yo
tout batay atizay e frape konsyans yo

anfèt n ap kreye pou n reziste
rezistans nouri kreyasyon n sèl patisyon n egzekite
nou swete kite aksyon nou kòm metwonòm
tempo kakofoni epòk k ap chante mal nan mikwofòn

[vanessa jeudi]
lapli lave doulè n
yon rivyè san koule
lakansyèl detenn sou pye
tablo n yo san koulè
lapli lave malè n
sous lavi nou seche
dèyè mòn gen mòn
dèyè mòn gen moun

[mawon ardy]
tan an ap defile, anyen pa chanje
zegwi ap file, men sikatris yo pa pyese
se toujou menm kri, menm bri kout kròs fizi
se toujou menm li, sou menm liy, mwen gwòs lavi
syèl la tou gri, men m ap fòse konte zetwal
p ap benyen nan san m, pòch gòch mwen
g on moso twal ki koulè san m
ki konte konbyen paj ki gen nan liv lavi bosal
kenbe l kòm eritaj, konte istwa lavi bosal
fè chwa pou manje viv, lavi pa fouti devaste
fouye simityè liv, tonbe sou baron de vastey
demen! s on bèl rekèy powèm, leta pa prefase
pa pè fouye pase, touye jodi, pou demen souri
pa pè pwoche, pase men sou po l, pou mak pa m efase
deja fè vèy li, nou nan dènye jou, rasanble, soufle banbou
kase ti bwa nan zòrèy mwen, pa toumante somèy mwen
kite m pran bèl plezi nan gouyad yon tanbou
demen dw on bèl zèv, yon gwo rèv, yon bèl itopi
m vle wè plis inosans timoun k ap bouyi toupi
kite m vanse sou wout mwen, bourik chaje pa kanpe
pa kouri pou move tan, m jis pa vle twò ta bare m
kabare m chaje, prese pou m al bay sa m te pran
mwen pa gen nen leta, konnen viv dwe eksitan
nou kaviv byennèt la, ni nan kò ni nan panse n
[vanessa jeudi]
lapli lave doulè n
yon rivyè san koule
lakansyèl detenn sou pye
tablo n yo san koulè
lapli lave malè n
sous lavi nou seche
dèyè mòn gen mòn
dèyè mòn gen moun

[mozo]
se pou chak lide nou twoke
chak chay nou pote
prensip ki sèvi n toke
se pou fòs ki fè n sipòte
se pou chak makout nou kwoke
chak kote n paka rive
pou chak wout nou debloke
se pou chak sa k pral rive

se pou chak zak nou poze
chak sa nou oze
se pou solèy, se pou limyè
se pou chak tò nou koze
pou chak flè k depoze
chak sa k opoze
pou lavi, pou demen
se lanmou n pwopoze
se pou chak vi k ekspoze
avni k eksploze
nou pap fè lajan
n fè pitit
se pa pou do n repoze
se pou chak souri n pwovoke
pou chak moun nou choke
chak espri n envoke
pou chak bon souvni n estoke

se pou chak zepòl ki kole
chak vizyonè nou kwaze
chak pwojè lavi ki kale
se pou chak konplo ki kraze

se pou chak sòlda ki kote n
pou chak fwa nou woke
chak aderan ki koute n
se vwa tout yon pèp k ap wouke

se pou chak sè, chak frè, chak jèn ki bouke
pou chak tchovi, chak fanm, chak rèv ki jouke
chak pwen ki leve, chak tèt ki souke
chak clan, chak gang , chak dread lapolis fouke

lavi s on konba, se pou sila yo k pi fèb e
se pou chak malere k ap bat dlo pou fè bè
se pou sila k ap viv mal, men k ap fè byen
sa k san lavwa o chapit, men zak yo pale fen e byen

[vava]
yon fenèt sou lavni
pou byennèt
pou lavi
kwa senbo
kwa lakwa
rezon pèp se lalwa
demen s on pi bèl liv
pou n nouri
pou n konstwi
n ap wete mò pou n mete mo
n ap jete dlo
n ap kenbe do

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...