lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu tanbou – règleman afè popilè

Loading...

[mawon ardy]
laviwonn dede avan m antre
fò w ta di m tanbou k pou jwe
rada, petwo, kongo, nago
chak rit gen tanbou ki jwe
bat tanbou tout lè
chak lè kè kontan, gen dèy
nan travay, gen vèy
n ap pase tray, lavi bay kout ba
tankou mari bay mandanm kout ba
nou rive sou ou tou limen
nèg rèd ki la, nou soti jouk angola
rale kòn nan pou fè yo konnen
mizè ak richès pa dwe makonnen
manman pitit makonnen
mete dife, petwo k ap jwe
po bèf la se pou moun rada
ou pa gen dwa sizonnen l
marye manman segon boula
kite m kadanse sou rit ogan
mwen anvi vole vole rada
pou mwen ale jan jak legran
woule! woule! tanbou
pou lavi fleri, pou demen souri
bay dawout, arada, ayila, djanm
[vanessa jeudi]
zinga oooo
sere dag la pou nou
pou lèzòt pa jwеnn li
pou yo pa pike nou
legba oooo
fèmen pòt là pou nou
pou zandò pa wè nou
yo pap kwazе je nou

[mozo]
pla pla
tanbou frape pla pla
pidim pidim pidim
pla pla
li kotop kotop lespri m
potop potop lespwa m
li patap patap pwezi m
katap katap plezi m

li konnen tout tray mwen
li rive nan zantray mwen

se pa yon tanbou k kont mwen
okontrè l regle kont mwen
m paka danse l pou kont mwen
ak nou m ap danse l kont mwen
lè se tanbou ki pale
tout lespri yo reveye
ougannikò mesaje
ni tèt ni kò transpòte
s on langaj bosal li ye
li fè nou pa sa bliye
nou pa sa pliye
pye mapou pa sabliye
zansèt yo n vin salye
grandèt yo konn sa li ye

[vanessa jeudi]
zinga oooo
sere dag la pou nou
pou lèzòt pa jwenn li
pou yo pa pike nou
legba oooo
fèmen pòt là pou nou
pou zandò pa wè nou
yo pap kwaze je nou

[mawon ann di]
nan kalfou rezistans pousyè manje tèt zòtèy nou
anfas medizans jwenn kadans refren pou zòrèy nou
lakou plètil di m pouki peristil tou piti
kache sekrè kretyen latè pa sènen non sèl vi
boutèy plante nan tou sou granmoun vin pwon kou
vève trase kata kase pap kanpe anvan l jou
lespri sele chwa l
sèvitè houngan djougan manbo nan dlo sou tè se lè l vle jan l vle l sele chwal
nanm fèt tou tanpe kanpe drèt e
djanm fèt nou chante touye bèt e
flanm bèl tout danse gouye bwè e
non n fè wout tan n se pou n jwi bèlte
[vava]
rèl nou mongonmen
sikatris nou poko donnen
swè nou pòtre sous k ap senyen
kri nou toufounen
nou bezw on pwen k sot nan ginen
pye n mele n onw chimen jennen

scat

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...