lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu spécial – roody roodboy feat. rutshelle

Loading...

spécial tu es
spécial à mes yeux
spécial tu es

spécial spécial

ou toujou la pou mwen lè pwòblèm yo ap debòde
ou fè’m konpran reyalite ke dan ak lang konn mòde
lè nou pa ka al nan yon resto’n reziye’n n pran yon pate kòde
m’vin gen plis matirite ou rann lespri’m pa bòne

ou se premye nèg ki fè’m konn gou lanmou
imajine sèlman lavi m san ou banm degou
ni mwen ni ou deside pou nou ret soude
pou’n pa janm lage

lè’w ban mwen love baby
sincerite, fidelite, afeksyon ke’m mande’w
lè’w ban mwen love baby
lè’w ban mwen love baby
se tout bag*y sa yo ki fè san ou mwen pa ka viv
san ou mwen pa ka viv

baby san ou mwen pa ka viv
lè m’ap pase rad w’ap fè lesiv
lè w’ap lave diri
m’pran pilon’m pile powo m’pile siv
respè’m ba’w fè’m pa nan triche avè’w
devan zanmi devan fanmi’m pa nwi’m afiche’m avè’w
lanmou’m pou ou se on santiman fondamantal
ki fonde ak kò ki fonde ak nanm e ki fonde ak mantal
nan kè’m mwen chase hèn ak jalouzi santiman sal
kounya’m vin romantik e’m vin trè santimantal

m’chwazi mete lanmou kòm boustè
lè kouran jalouzi vin febli santiman’m pou ou
mwen prè pou’m antre menm nan lanfè
depi’w avè’m mwen dakò fè tout sakrifis pou ou

ou se fanm mwen – nonm mwen
feblès mwen – fòs mwen
richès mwen oh non non non

ou se trezò mwen – mwatye mwen
avni mwen
lanmou mwen

lè’w ban mwen love baby
sincerite, fidelite, afeksyon ke’m mande’w
lè’w ban mwen love baby
se tout bag*y sa yo ki fè san ou mwen pa ka viv
mwen pa ka viv
mwen pa ka viv non non non
san ou mwen paka viv
san ou mwen pa ka viv non non non
san ou mwen pa ka viv

spécial tu es

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...