lirik lagu manje’l deja – timber g haiti
[verse 1]
mwen gen 6 mwa depi mwen renmen avèl
men au debu, m te panse ke mwen prale brize kè’l
paske byen rapid li te banm jwe nan afè’l
mwen te pran’l pou egare, tout sa’m te vle m te ka fè’l
jou ap pase, abitid yo ap pran levèl
li tèlman ap byen jere’m, m vin pa kapab fè rebèl
nan tout fanm yo yon sèl kou m wè se li k te bèl
li telman antann avè’m, m vin janti wa di’m te pè’l
kounya n vin lage nan sòti ansanm, ale nan klèb ansanm
zanmi’m yo di li pran tout tan’m
yo menm mande’m èske’m gen pwoblèm fanm
m’al plake ak yon pye lejè ke yo plede jwe nan janm (li)
[hook]
nèg yo gon’w mòd yo di yo manje’l deja
sa pa gade’m, se mwen kap manje’l kounya
m pap pran chalè nan men nèg pou fanm mwen
mwen pap pran pawòl nan men nèg sou fanm mwen
nèg yo gon’w mòd yo di yo manje’l deja
sa pa gade’m, se mwen kap manje’l kounya
mwen pap pran pawòl nan men nèg sou fanm mwen
se mwen ki konn kijan’l fè’m santi’m byen
[verse 2]
m ta renmen konnen si son’w diri ak pwa
pou tout nèg ap fè konnen ke yo manje’l deja
yo mèt pale, sa pap yon manke dega
pou mwen m pap ni fache ni pou’m ta bay vye rega
map vire ak fanm mwen nan figi yo pwen ba
m pap pran chalè nan men nèg alevwa nan men leta
sak potko goute’l yo mesye n’an reta
anh! yo di’w li renmen bay na gentan pale de sa
kounya se avè’m li ye m fyè de li
tout kote’m fè map afiche’l la re jwenn fyète li
map ba li respè’l wa di prezidan ki fèk eli
se li ki fe’m santi byen, lot fanm yo pat janm fè ke li
[hook]
nèg yo gon’w mòd yo di yo manje’l deja
sa pa gade’m, se mwen kap manje’l kounya
m pap pran chalè nan men nèg pou fanm mwen
mwen pap pran pawòl nan men nèg sou fanm mwen
nèg yo gon’w mòd yo di yo manje’l deja
sa pa gade’m, se mwen kap manje’l kounya
mwen pap pran pawòl nan men nèg sou fanm mwen
se mwen ki konn kijan’l fè’m santi’m byen
[verse 3]
lè wap vire ak yon moun evite focus sou pase li
si’l fè menm jan awe’w wap wè se pa bon ou bon pase li
sa ka rive nan fè vye experyans ou depase li
donk si gon’w erè ki te fèt avan, fò’w efase li
wap toujou jwenn moun ki kont chwa ou nan renmen
pandan se tan yo pa konn jwa relasyon’w lan genyen
experyans se aprantisaj, pouki’n plenyen
lè nou gen yon fanm ke 2,3 nèg avan’n te konn grennen
nèg ki gen fanm yo poko manje voye wòch la
paske m pa konn pouki fanm pa’m lan son’w repwòch la
sa pa gade’m si avan vi’l te dwat e gòch la
fo’w pa sezi le’w se nan men’l m lage porshe la
[hook]
nèg yo gon’w mòd yo di yo manje’l deja
sa pa gade’m, se mwen kap manje’l kounya
m pap pran chalè nan men nèg pou fanm mwen
mwen pap pran pawòl nan men nèg sou fanm mwen
nèg yo gon’w mòd yo di yo manje’l deja
sa pa gade’m, se mwen kap manje’l kounya
mwen pap pran pawòl nan men nèg sou fanm mwen
se mwen ki konn kijan’l fè’m santi’m byen
lirik lagu lainnya :
- kumpulan lirik lagu glantosz › lirik lagu “mulher” – glantosz
- kumpulan lirik lagu fiama gang › lirik lagu murder rate – fiama gang
- kumpulan lirik lagu american princes › lirik lagu born to die – american princes
- kumpulan lirik lagu our hollow our home › lirik lagu shatterdome – our hollow, our home
- kumpulan lirik lagu selfmxdebless › lirik lagu waterfalling – selfmxdebless
- kumpulan lirik lagu lina maxine › lirik lagu clueless – lina maxine
- kumpulan lirik lagu viel › lirik lagu stupid – viel
- kumpulan lirik lagu bandeta › lirik lagu shkt 2brh | شكة أبره – bandeta
- kumpulan lirik lagu laced up dmoney › lirik lagu finish line – laced up dmoney
- kumpulan lirik lagu knight ninja h › lirik lagu slime leader – knight ninja h