lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu bradsou bradsa – zafem

Loading...

gon kesyon ou renmen poze m
ou konnen m pa sere koze
ou vle m baw pou ki rezon
w ap tann eksplikasyon
ou vle pou m babye, babye ba w

mpaka di si wa p ban m presyon
oubyen si w pèdi konviksyon
sa mwen gen kom repons
mwen ak ou gen menm misyon
anyen pa p janm kapab separe n

ou di ou wè m chanje
ou paka wè kote m ye
ou pa bezwen enkyetew
pos radyo sa pa p chanje
ou pa bezwen ebranle

dèfwa m panse a kanpe
men gon ti vwa ki dim kontinye
chеri mwen dezole
wout lanmou plеn ling brize
ou pa bezwen fache, babye la

m konnen m ba w traka fè w jete dlo
mwen fè m fè pou w ta menm jete m tou
men sa m fini pa konprann
mwen avè w gen menm misyon
ou di ou wè m chanje (poutan w fèm santi m nan po m)
ou paka wè kote m ye (ou pa bezwen enkyete w)
ou pa bezwen enkyetew (ooo)
pos radyo sa pa p chanje (eee)
ou pa bezwen ebranle

mwen konnen nou kapab
nou gen fos ak kouraj
si nou ka la, nou la toujou
m pa konn pou ou
men pou mwen, m gon pil lafwa nan nou

konbyen fwa w di w ale, m la m ap gade w
san konte konbyen padon nou mande
ou ka leve chak jou la w ap babye
men m prefere tout sa ke separe
mwen di nou fèk kare la
nou, ooo nou fèk kare
bradsou bradsa, se sa l ye
solèy nan kè n ka briye
nou se marasa, se sa n ye

konbyen fwa w di w ale, m la m ap gade w
san konte konbyen padon nou mande
ou ka leve chak jou la w ap babye
men m prefere tout sa ke separe
mwen di nou fèk kare la
nou, ooo nou fèk kare (kenbe sere lanmou nan kay sa)
bradsou bradsa, se sa l ye (solèy nan kè n ka leve)
solèy nan kè n ka briye (nou se marase)
nou se marasa, se sa n ye
se sa n ye
se sa n ye
pa bliye
se sa n ye

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...