lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu rap-port 15.3.16 – zo polo

Loading...

[intro]
yow… sa k’ gen la a ? e ou k’ perfect la ?
wi, yo pale m’ de ou
monchè m’ n’on situation assez bizarre la
ou fè pati de rare moun k’ap ka konprann mwen
e k’ap ka ede m’

[couplet 1]
prete m’ on mic prete m’ atansyon w’
prete m’ yon plume prete m’ yon kreyon
prete m’ yon kaye oubyen nenpòt sa k’ ka ekri pou m’ sèvi
depi l’ fè pati d’reyon m’

prete m’ yon tempo men m’ lè l’ pa abòdab
prete m’ yon bèl beat men m’ lè l’ ta rabòday
prete m’ yon studio ouby’on espas pou m’ sèvi
m’ prese aout rive fò m’ f’on rapò m’ bay

m’ paka mande pasyans lontan sa y’ap tann mwen
omwen fòk mwen ba yo koute
prete m’ yon ti tan donc nan sa w’ dispoze
prete m’ vibe prete m’ mo koz m’ g’on bezwen presan

depi l’ resan, menm si beat la ta endispoze
m’ pran twòp tan fò m’ ba yo goute
prete m’ kabin nan depi l’ pa okipe
se lakay mwen a prezan
prete m’ yon (ah !) yo, sispann takinen m’ non
poukisa w’ vle pou w’asasinen m’ nan ?
ou genlè panse si m’ sispann respire w’ap ka viv poukont ou
ou pap f’on semèn non

prete m’ yon poubèl pou m’ met 4 ba sa yo
d*mn ! s’on premye rature
sorry si m’ te hors sujet
kràn mwen s’on chantye de la littérature

jeux de mots sans arret, m’ bezwen sofa ouais
pou m’admire yo, frappe ! arret !
konbyen ide k’ touye lòt n’on brainstorming
gang story sans pareille

prete m’ yon hemisphère pou m’ ka pote yo
4 beat de secours avan m’ dekapote yo
admire teknik la
kòm an 2019 men tèt mwen la depi sou replik

[couplet 2]
prete m’ yon laptop ak 2*3 melodi
ki gen fl studio + pack, sa lojik
ke m’ bezwen kèk bèl beat pou m’ pase logore m’
m’ pa bezwen hit, non m’ pa bezwen y’onore m’
jus prete m’ 2*3 groove, prete m’ booth
asire w’ ke mic la byen solid sinon m’ap dekole l’
prete m’ ti kal lespwa ak kèk touch
don’t worry beat ou yo pap ka detwone

prete m’ speaker pou m’ fè repetisyon
m’ gen kas déjà men m’ vle tande yo byen
mastike beat avan m’ fè deglutition
important : sinon m’ pap ka dijere yo byen

prete m’ kèk sujet pou m’ metabolize
krey’on dinasti m’ s’on jeyan k’ap grandi
anpe pen, anpe pay, m’ s’on aborijèn
m’ still fou m’, m’ still fort rele m’ albert ghandi

prete m’ yon tracklist pou m’ pa pèdi nan wout
mizik gratis, sa vle di non ou
pap fè kòb avè m’ kounya
sèl satisfaksyon ke m’ ka ba w’ s’on bèl track ki nan gou w’

prete m’ yon machine à remonter le temps
m’ gen trè lontan frè depi m’ap rape
m’ pral montre w’ depi kilè m’ap bouffer le son
poutan verse yo frèch kòmsi m’ fèk ap rape

ak stil rap rèd sa tout vi m’ s’on konba
sou chak beat m’ rap li tonbe an koma
poutan m’ s’on ti kal gason, m’ tou flèk
m’ tou flop, m’ tou piti men frè, m’ konn rape
tandans sa cho, w’a envite yo
vin tande sa k’ rap w’a endike yo
ke m’ nan site a kay redjee ak perfect
m’ prete kèk beat pou m’edike yo

[outro]
yeah ! hm hm
wi, si toutfwa sa posib w’a fè m’ konnen
evre ? ebyen ok bro
respè wi frè, m’ap tcheke w’ semèn pwochèn
kèt ! fò m’ ta rele fenelus wi
yo, m’ale wi baz

lirik lagu lainnya :

YANG LAGI NGE-TRENDS...

Loading...